• TABLE OF CONTENTS
HIDE
 Front Cover
 Title Page
 Yon pwogre pou pep ayisyen
 Yon champyon lekol an kreyol
 Eskrab an aviti
 Eskrab nan peyi d'aviti
 Yon chans pou yon chanj
 Yon chanjman nan peyi aviti
 Ki koze alfabetizasyon sa?
 Mo kwaze ak lv dejan






Title: Journal of Intermediate Haitian Creole
CITATION DOWNLOADS THUMBNAILS PAGE IMAGE ZOOMABLE
Full Citation
STANDARD VIEW MARC VIEW
Permanent Link: http://ufdc.ufl.edu/UF00098961/00001
 Material Information
Title: Journal of Intermediate Haitian Creole
Physical Description: Archival
Language: Haitian Creole (Kréole; Kreyòl ayisyen)
Creator: Hebblethwaite, Benjamin ( Editor )
Publication Date: 2007
 Record Information
Bibliographic ID: UF00098961
Volume ID: VID00001
Source Institution: University of Florida
Holding Location: University of Florida
Rights Management: All rights reserved by the source institution and holding location.

Downloads
Table of Contents
    Front Cover
        Front Cover
    Title Page
        Title Page
    Yon pwogre pou pep ayisyen
        A-1
        A-2
        A-3
        A-4
        A-5
        A-6
    Yon champyon lekol an kreyol
        B-1
        B-2
        B-3
        B-4
        B-5
    Eskrab an aviti
        C-1
        C-2
        C-3
        C-4
        C-5
        C-6
    Eskrab nan peyi d'aviti
        D-1
        D-2
        D-3
        D-4
        D-5
    Yon chans pou yon chanj
        E-1
        E-2
        E-3
        E-4
        E-5
        E-6
    Yon chanjman nan peyi aviti
        F-1
        F-2
        F-3
        F-4
        F-5
    Ki koze alfabetizasyon sa?
        G-1
        G-2
        G-3
        G-4
        G-5
    Mo kwaze ak lv dejan
        H-1
        H-2
        H-3
        H-4
        H-5
Full Text





University of Florida's

Journal of Intermediate Haitian Creole


Published 2007









University of Florida's Journal of Intermediate Haitian Creole



Editor: Assistant Professor Benjamin Hebblethwaite, hebble@ufl.edu

Es6 elv yo te ekri an 2007 sou Eskrab epi Iv Dejan nan kreybl ayisyen (Nou pa
prezante yo nan okenn lId espesifik):


1. Daphney Pascal, "Jwet Eskrab: Yon Pwogr6 Pou Pep Ayisyen"

2. Emmanuel Fortune, "Dejan Pou Prezidan: Yon Chanpyon Lekbl an Kreybl "

3. Lenhs Louis, "Eskrab an Ayiti"
4. Leticia Casseus, "Eskrab nan Peyi d Ayiti"

5. Maisha Champagne, "Yon Chans Pou Yon Chanjman"

6. Merline Dieujuste, "Yon Chanjman nan Peyi Ayiti "

7. Mynoucka LaFalaise, "Ki Koze Alfabetizasyon Sa?"

8. Rachel Lucas, "Enp6tans jwet eskrab nan peyi Ayiti"

9. Theresa Murray, "Mo Kwaze ak Iv Dejan"









Jwet Eskrab: Yon Pwogre Pou Pep Ayisyen

Daphney Pascal

Inivesite Laflorid



Entwodiksyon

Li tre enpotan ke le nou kreye yon jwet Mo Kwaze kreyol Ayisyen, ke ou sevi

avek otograf ki ofisyel. Dejan di nou ke "Si yo t ap bay yon pri pou egzanp ki sevi pi mal

ak otograf kreyol la, ki sevi ak li pi tet anba net, esplikasyon yo ekri pou ti rechogaz Ayiti

Metal yo ta gen premye pri." Le nou mete aksan sou let yo, moun Ayisyen ap kapab

pratike jwe eskrab nan lang ofisyel. M espere ke sa ta tradui nan jan moun Ayisyen ekri.

Jwet sa ap sevi kom yon zouti ki ap ede alfabetize moun Ayisyen. Plis ke say eskrab ap

ede yo avek otograf yo. Nan liv Dejan li bay nou yon egzanp kote li we yon afich nan

yon magazen ki pa lwen plas Jefra, Potoprens. Afich ekri "Moun ak zam pa rentre".

Dejan esplike ke se pa kon sa yo ekri: rantre. Egzanp sa fe nou we ke Ayisyen genyen

yon pwoblem avek otograf.



Pwoblem Nou Kontre

Yon pwoblem nou kontre le nou ap devlope jwet sa se moun ka pa bay akse

avek diksyonne. Se poutet sa, li enpotan pou nou kreye yon liv ki genyen anpil akse.

Liv sa ta genyen mo Ayisyen sevi avek anpil. Si nou ta renmenjwet sa genyen sikse, li

enpotan pou nou kreye liv sa. Plis ke sa, li enpotan pou nou kreye jwet nan yon fason ki

pemet tout pep Ayisyen genyen akse. Sa se yon jan pou komanse alfabetize yon pep nan

yon fason ki pa tre che. Si jwet la pa che, 1 ap genyen popilarite avek moun Ayisyen.









Nou ka popilarize eskrab kom yon jwet tout fanmi kajwe. Dejan di nou ke Papa ak

Manman ti Ayisyen yo pale kreyol selman. Paske jwet an kreyol, paran yo ka jwe eskrab

avek timoun yo. Menm le paran yo ap jwe, yo ap aprann.



Ansesyman An Franse

Nan liv Yon lek6l t0t anba nanyonpeyi t0t anba sou paj 206-235, Iv Dejan sevi

ak esperyans li kom yon pe pou li montre nou pwoblem ki genyen avek ansesyman an

franse. Le Dejan ale vizite yon lekol li rankontre avek yon me ki rele Jistin. Me Jistin se

direktris lekol la. Me sa te fe yon deklarasyon ki pa t chita byen avek Dejan. Li rele

timoun yo kreten paske yo pa t ka atrap leson yo an franse. Dejan vin travay avek timoun

yo pou li montre me yo yon leson. Le li travay avek timoun yo, li vin we ke se pa sot elev

yo sot, se paske me yo ap anseye nan yon lang timoun yo pa konprann. Le me yo anseye

an franse, elev yo vin konnen san yo pa aprann.

Dejan fe pwen sa pi kle le li made timoun yo keksyon mesaj legiz katolik an

franse avek kreyol. Keksyon sa yo te adrese prensip fondamantal ke tout moun ki batize

nan legliz katolik ta dwe kenbe fernm (pg. 215). Le timoun yo remet repons yo an franse

epi apre an kreyol deklarasyon yo change. Timoun yo fe plis ere le yo bay repons yo an

franse. Sa montre nou ke timoun yo pa kreten. Le yo travay nan yon lang yo konprann, yo

ka aprann pi byen. Yo vin atrape sije a.



Jwet Eskrab Kom Yon Solisyon

Sevi ak kreyol nesese pou konesans. Jwet eskrab ka ede timoun Ayisyen

konprann kreyol pi bon paske li bay timoun yon opotinite pou yo pratike ekri an kreyol









nan yon sans. Jwet la ap ede yo aprann otograf kreyol. Le yo konprann kreyol pi byen yo

ap aprann kreyol pi byen. Eskrab se yon solisyo. Li se yon jwet ki ap ede alfabetize

moun Ayisyen. Plis ke sa, eskrab ap ede Ayisyen konprann avek aprann plis.

Reg Eskrab

Nan liv Yon lek6l t0t anba nanyonpeyi t0t anba sou paj 236-265, Iv Dejan fe yon

ka pou lekol nan yon sel lang an Ayiti. Li di nou ke program nan de lang pou mas

popilasyon 7 milyon Ayisyen ki pale kreyol selman pa posib pou senk gwo rezon. Dejan

di nou ke sa pa posib rezon ekonomik. Ayiti pa genyen lajan pou li anseye timoun nan de

lang. Dezyemman, sa pa posib pou rezon sosyal. An Ayiti se sel yon minority pale

franse. Twazyem rezon Dej an bay nou se rezon jewografik. Li di nou ke Ayiti pa kole ak

peyi ki pale angle oubyen franse. Timoun Ayisyen pa ka annik travese pou yo ale nan

yon peyi Lafrans. Yo pa ka benyen nan franse. Katriyem pwen Dejan di nou se sa pa

posib pou rezon pedagojik. Yo pa kajwenn 50 mil pwofese ki pale franse e ki konn

teknik montre timoun franse kom yon lang etranje fen pandan yo pa benyen nan franse.

Denye bagay Dejan di nou se sa pa posib pou rezon tan. Li di sa ap pran anpil tan pou

timoun Ayiti aprann franse ak bon pwofese.

Nan chapit sa Dej an di nou plizye rezon nou ta dwe anseye timoun an kreyol

selman. Jwet eskrab se yon bon fason pou nou komanse anseye timoun an kreyol men fok

timoun yo konnen reg eskrab. Pou jwet la komanse fok premye moun ki pral jwe mete

let li yo ansanm sou tab la. Let yo ka ale anle oswa anba. Le premye jwe mete let yo, fok

yo rive sou kare ki nan mitan. Le moun nan jwe li pa ka eple m6 yo devan deye. Le ou

fini, konte sko ou, epi di tout moun. Fok ou sonje pou ranmase menm kantite jeton, pou

ou ka toujou genyen menm kantite jeton nan men ou. Dezyem moun ki ale, fok yo kole









jeton yo akjeton ki deja sou tab la pou yo kreye yo mo. Fok nou sonje ke mo yo ka ale

anle epi anba. Le tout let yo fini, moun ki genyen plis pwen se chanpyon eskrab.



Sitweb sou Eskrab

Le nou fin aprann reg eskrab, li enpotan pou nou sevi avek estrateji pou nou ka

vin chanpyon eskrab. Genyen plizye sitweb ki pale sou estrategi eskrab. Si ou vitize

sitweb www.cyberonic.com/-bigdoggy/strategy.html ou kajwenn estrategi poujwet la.

Nou konnen ke anpil moun Ayiti pa genyen asked avek odinate. Se poutet sa mwen ta

renmen jwet la vini avek yon ti liv ki pale sou estrateji eskrab. Si ou bezwen konnen

istwa eskrab ou ka vitize sitweb http://www.scrabble-assoc.com/info/history.html. Si ou

se yon fanatik eskrab, epi out a renmen pale ak lot fanatik ou ka vitize sitweb sa:

www2. scrabble-assoc.com/.



Chemen Konesans Pi fo Ayisyen

Nan denye chapit ki nan liv Yon lekol t0t anba nanyonpeyi t0t anba, Iv Dejan

revize tout rezon lekol ta merite anseye an kreyol an Ayiti. Dejan di nou kreyol se lang

tout moun ki fet e ki leve ann Ayiti depi yo piti jis yo gen 18 an. Se sel lang ki rele tout

jen moun sa yo che met che metres. Se li tout moun konprann byen. Se li yo pale tout tan.

Sa ki pi enpotan Dejan di nou, ki kreyol se prensipal chemen konesans pi f6 Ayisyen.

Lekol merite anseye an kreyol paske kreyol se lang lavi ann Ayiti. Sitiyasyon anseye an

franse pa nomal paske pi f6 Ayisyen pa konprann lang franse. Se yon minority moun ki

byen sevi avek lang franse. An plis, Dejan di nou sistem lekol an Ayiti nan yon sitiyasyon

tet anba ki merite change.











Konklizyon

Jwet eskrab se yon fason nou ka komase change sistem la. Eskrab se yon jwet ki

ap ede alfabetize moun an Ayiti, paske kreyol se prensipal chemen konesans pi f6

Ayisyen. Menm le moun an Ayiti pa genyen akse avek diksyonne, jwet eskrab ap fasil

pou yo atrape lang kreyol paske se lang ki nan sevo yo. Lang franse pa nan sevo yo. Pou

timoun Ayiti aprann franse fok yo benyen nan lang etranje. Dejan made nou kote lanme

franse, kote larivye franse, kote lapil franse. Paske timoun yo pa benyen nan lang franse

yo pa ka aprann li. Yo tranpe nan lang kreyol paske kreyol se lang manman. Kreyol se

lang ki nan sevo yo. Si nou fe yon ti diksyonne ki pa che, sa ap fe jwet la gen plis akse.

Nan diksyonne sa nou ka mete mo moun sevi avek sou van. Sa ap byen ede moun ki anvi

jwe eskrab.

Plis ke sa kreyol se yon lang ki fonetik, sa vle di moun ka toujou fe efo jwe

eskrab menm le yo pa alphabetize net. Menm jan lang kreyol se yon lang ki sevi avek

reg, li enpotan pou nou sevi avek menm reg sa yo nan jwet eskrab. Pou pwogre an Ayiti

fok lekol anseye an kreyol. Si sa pa fet Dejan di nou Ayiti ap rete deye ak yon ti ponyen

moun k ap grennen bel franse, toutotan yon majority moun ap kontinye pa mache nan

chemen konesans tout Ayisyen deja genyen an lang kreyol. Chanjman kreyol nesese pou

pwogre. Jwet eskrab ap ede pep Ayisyen fe pwogre sa.









Bibliyografi

1. [Dejan Iv. 2006. Yon lekol t0t anba nan yonpeyi 0tt anba. Potoprens: Fokal].

2. www.cyberonic.com/-bigdoggy/strategy.html

3. http://www.scrabble-assoc.com/info/history.html

4. http://www2.scrabble-assoc.com/









Dej an Pou Prezidan: Yon Champyon Lekol an Krevol


Emmanuel Fortune, Inivesite Laflorid


Nan chapit 20 Dejan pale sou reg grame. Li esplike jan grameryen lontan pa t montre pep

yo jan pou yo rekonet fraz byen anfom avek fraz ki pa anfom. Dejan di, "liv grame fet kon sa

paske moun deja gen seten lide sou koze lang." Sa vle di, depi moun gen tan konprann yon lang,

li pa fe sans pou grameryen mete reg sou mo apre moun fin aprann lang nan. Dejan kontinye fe

yon ti pale sou afe veb ak konpleman veb nan lang kreyol. Li di anpil ayisyen pa menm konnen

depi veb ak konpleman egziste. Antouka, anpil ayisyen toujou suiv reg la. Yo kenbe veb ak

konpleman ansanm san yo aprann reg. Dejan di se yon prensip ki nan tet tout moun. Sa se bon

pawol Dejan ekri. Li bay yon seri de egzanp ki montre jan mo ak fraz an kreyol suiv reg

konpleman ak veb nan lang la. M ta di grameryen pa gen dwa change lang kreyol la nenpot jan.

Lang la gentan kenbe yon seri de reg ki inivesel. Menm jan nou te we nan klas la lot jou, gen reg

lengwistik ki montre lang kreyol la se yon lang nomal e natirel. Lang kreyol la pa anmede avek

reg otograf nou tajwenn nan angle. Se yon lang ki byen anfom epi li sevi moun nan tout koze.


Lot koze mwen vle fe refleksyon sou li se jwet eskrab an kreyol. Jwet la byen enteresan.

Se yon jwet m konn jwe tout tan lakay mwen, epi se yon jwet m konn genyen ladann anpil. Yon

obzevasyon mwen te we premye jou a, se jan li te fasil pou moun chwazi mo. Lang kreyol la

plen avek mo. Se yon bel bagay. Ou pa bezwen bat tet ou pou chache mo.


Eskrab an Kreyol


Jan ou jwe eskrab kreyol se menm jan ou jwe eskrab angle. Chak moun chwazi set jeton. Le

chans yo rive fok yo mete yon mo ki bay bon vale pwen. Depi moun genyen pwoblem avek

chwazi mo, yo met pase chans yo pou dezyem moun kapab ale. Jwet la byen fasil men li prezante

1









anpil opotinite pou moun aprann mo nouvo. Lotre jou pwofese Tes ki soti FIU te vin jwe avek

nou. Li te mete yon mo ki mare tet tout moun nan tab la. Mo a pa te yon mo espesyal. Dejan

gentan esplike lang kreyol la se youn ti fasil avek anfom. Mo Tes te yon mo anpil nan elev yo te

tande yon fwa men yo pa t jamn sevi avek li jan Tes te sevi avek li nan jwet la. Pou rezon sa m

renmen jwet eskrab kreyol la. Menm depi ou konnen anpil mo an kreyol ou ka toujou aprann lot

sans mo genyen. Depi Dejan te tou jou nan late a li tap apresye jwet la anpil.


Dejan te genyen anpil konesans sou afe lang. Pa selman lang kreyol la, men anpil lang. Li

te kon pale franse, kreyol, y angle. Epi li posib li te kon pale panyol. Gen de le Dejan te kon

pweche nan legliz, apre sa li te fe pwofese pou yon ti moman. Liv Dejan gen anpil rechech ki

soti nan tout bo. Li pale de lang moun italyen, moun panyol, moun franse, avek anpil lot peyi.

Dejan se yon moun ki te kon suiv koze nan tout peyi. Mewi te genyen anpil pwoblem nan peyi d'

Ayiti men Dejan t ap suiv pwoblem peyi a nan yon konteks ki aplike avek tout moun. Reson m

kwe li fe sa, e pou tet kreyol se yon lang li vle pou tout moun nan lot peyi pou yo suiv li. E pa

selman ayisyen ki vlezwen konnen ki sa ap fet avek lang peyi Ayiti.


Mwen Genyen Rev


Yon jou ap rive le moun ki visit Ayiti gentan aprann pale kreyol. Menm jan tankou lang

franse. Moun aprann lang le yo nan lekol apre sa yo visit peyi a pou vakans. Depi anpil moun

komanse aprann lang kreyol la, y ap komanse apresye lang nan avek peyi. Sa kapab ede peyi a

jwenn anpil kob. M ta renmen we plis moun visit Ayiti poutet li se yon bel peyi. Sitiyasyon

ekonomik moun ayiti ta vole anpil depi plis moun ta visit peyi a. Ayisyen kapab vann mizik

oubyen desen yo. Ayiti gen yo bel istwa. Fok moun konnen sa.









Mwen fin rive nan yon laj kounye a m vle vizite peyi parann mwen te kon viv nan.

Genyen anpil violanse men yon jou fo m we bel bagay mama mwen te konn pale de. Mwen

genyen an paket ti kouzen ki toujou viv nan Ayiti. M ta renmen visit yo pou m we jan nou

diferan. Plis pase sa m vle we jan nou menm jan moun. Ayisyen se moun ki kenba fo. Nou

genyen anpil damou pou fre ak se nou.


Pou rev Dejan rive fo moun kreyol nan tout late a suiv ki sa ap fet nan Ayiti. Menm si ou

soti nan peyi a de twa ane, oubyen li te met vensenk ane fo ou touj ou suiv ki sa ap fet nan peyi

ou. Depi nou pa voye je, moun franse oubyen moun o Zetazini ap komanse voye zye. Pita yo ap

pwan peyi. Menm y ap komanse avek lang nan. Se poutet sa le ou pwan lang yo moun ou pwan

nam yon moun.


Dejan: Yon chanpyon eskrab san li Jwe


Jwet eskrab kreyol se yon jwet tre enteresan. Pwemye fwa m tejwe 1 li te fasil. Kounye am ap

jwen anpil komplikasyon. Gende 1e m pa kapab jwenn mo pou mjwe epi m oblije pedi chans

mwen. Jan jwet la regle ou ka pedi chans ou plizye fwa yo toujou resevwa yon viktwa men li

difisil pou fe. M toujou renmen jwet la poutet li bay moun chans pou yo esplore vokabile yo.


Yon lot bagay nou te we nan rechech Ben te fe se konbye fwa kek let kon itilize an

kreyol. Rechech la moutre genyen anpil let ki itilize plizye fwa epi genyen lot mo ki itilize

selman de twa fwa. Rezon sa afekte m e poutet m renmen itilize mo ki espesyal. E konsa m kon

jwe eskrab angle a. M kon pase chans mwen kont fwa pou le m jwenn yon mo ki byen serye m

kapab jwenn anpil pwen.


Depi Dejan t ap jwe eskrab kreyol m kwe li t ap fe menm jan. Pito li mete ti mo o fraz piti

li ta vle mete gwo mo pou li moutre tout moun jan li se gwo neg avek anpil sevo. Nan liv li ekri









nou we li konnen anpil mo. M kwe m aprann plis mo nan liv sa pase pyes nan liv angle mwen.

Dejan se yon neg ki te fe anpil pou mo Ayiti. Fok moun selebre li pou tout bagay lengwistik li fe

pou moun Ayisyen.









Works Cited


Dejan, Iv. Yon Lekol Tet Anba Nan Yon Peyi Tet Anba. Potoprens: FOKAL (Fondasyon Kilti

Ak Libete), 2006.










Eskrab an Aviti

Lenhs Louis, Inivesite Laflorid



Genyen anpil peyi nan lemond ki te genyen menm pwoblem avek peyi nou Ayiti.

Se yon pwoblem analfabetizasyon. Ote liv Yon Lekol THt Anba Nan Yon Peyi THt Anba,

Iv Dejan fe nou konnen ke "an 1800, pi f6 granmoun gason an frans pa te janm al Lekol.

Sa te komanse change an 1850...distans pou rive nan ane 2000 genyen douz milyon jen

sou 60 milyon jen ki ale Lekol (Dejan 108)." Poukisa ou panse mwen ba ou ti ide sa? Se

paske mwen vle moutre ou ke sitiyasyon analfabetizasyon an Ayiti kapab ranje men li

kapab pran tan. Li pran Lafrans preske plis pase 50 ane pou li fe yon gwo pwogre.

Lafrans se yon temwayaj pou moutre nou ke chanjman possib menm si sa pran tan depi

moun deside li kapab posib. Nou ap panse itilize eskrab pou nou ka fe chajman sa. Nou

konnen sa ap pran tan men si tout moun deside epi yo mete tet yo ansanm pwoblem

analfabetizasyon ayiti ya ap disparet.

Nou swete ke nou te kapab jwenn ase kob pou nou ta fe ase jwet pou tout moun

an Ayite ta kapab posede jwet pa yo. Pou yo kapab gen ase pratik nan li ekre avek prop

lang pa yo. Ozetazini, gen yon konpetisyon ki rele Spelling Bee, nan konpetisyon sa yo

fe timoun eple gwo mo ke menm paran yo pa kapab eple, se yon bagay yo moutre

konpetisyon an nan televizyon pou tout moun ka we kijan timoun sa yo f6 nan eple mo.

Poukisa nou pa kapab fe menm bagay la an Ayiti avek? Si nou ta fe sa nou te kapab rive

popilarize jwet la toujou. Nan liv Yon Lekol Htt Anba Nan Yon Peyi Tt Anba Dejan

toujou ap raple nou de enpotans anpran nan lang ou konnen an. Li di nou ke Langg se yon

zouti pou panse. (Dejan 54)." Lekol Ayiti pa bay timoun chans pou yo panse nan lang pa









yo, sa genyen yon gwo enfliyans sou pwoblem analfabetizasyon nou an ayiti (Dejan,

203). Paske eskrab bay moun opotinite pou yo esprime yo nan lang manman yo, nou

kapab itilize li kom yon zouti pou nou konbat pwoblem analfabetizasyon.



Eskrab kont analfabetizasyon

Jwet mo kwaze kreyol ayisyen kapab ede moun aprann li ekri. Mo kwaze fose

moun eple mo; eple mo kapab ede yon moun devlope vokabile yo. Toutotan yon moun ap

ekspoze avek mo ki mache ak ide se toutotan lap aprann li ekri. System lekol anayiti an

genyen yon gwo pwoblem; li demand ke timoun anayiti pale franse lekol e sa vini fe

genyen anpil moun ki analfabetize. Si nou te kapab fe yon jwet tankou mo kwaze ayisyen

fe pati kilti Ayiti menm jan avek "Domino" ak "Gage" li tap rive alphabetize anpil moun.

Men sa ki pwoblem lan konnya se kijan nou kapab popilarize mo kwaze kreyol ayisyen.



Jan Nou Kapab Popilarize Eskrab

Premye bagay nou te kapab fe se pou nou menm tout moun ki nan klas HAI 2200

ki komanse jwe jwet la pale de jwet la avek zanmi pwoch yo, manman yo, papa yo, avek

tout lot fanmi yo. Apre nou fin pale moun yo de jwet la nou ta fe yo jwe li pou yo kapab

we kijan li enteresan apresa nou ta swete moun sa yo kapab di tout moun yo konnen

jiskaske nouvel jwet la rive Ayiti. Yon lotjan ke nou kapab popilarize jwet nou an se pou

nou ta prezante jwet la ak moun ki nan klib kreyol la konsa nou kapab fe ayisyen ki isit ki

kapab achte jwet la kapab jwenn opotinite pou yo jwe anpitou achte li. Nou ta pran kob

nou fe nan van jwet la pou nou kapab fe avetisman voye nan tout lot klib kreyol ke nou

konnen ki nan florid. konsa nou kapab fe plis kob jiskaske nou kapab rive genyen ase kob









pou nou fe ase jwet pou nou kapab vann yo aba pri pou moun Ayiti jwe. Kom mwen

gentan di ou le moun jwe jwet sa yo kapab alfabetize e si anpil ayisyen ta jwenn jwet sa,

li te kapab ede anpil moun li ak ekri. Sa kapab ede nou rezoud pwoblem alfabetizasyon

Ayiti.

Men anvan nou fe tout bagay sa yo f6 nou ta pale avek moun ki gen dwa sou jwet

la pou nou ka konnen si yo dako pou nou itilize ide yo. Apre sa se pou nou ta fe yon

diksyonne ak yon ti liv ki kapab reponn tout keksyon yon moun kapab genyen sou mo

kwaze kreyol ayisyen. Lide kreye jwet sa se tre briyan.



Ayisyanize Eskrab

Paske nou vle pou eskwab jwe yon wol enpotan an Ayiti, li nesese pou nou ta

ayisyanize jwet la. Nan ti kare yo li tab bon si nou ta mete bagay ki senbolik pou

Ayiti tankou mize nasyonal la avek sitadel la. Nou tap pran 50 pi gwo kote an Ayiti ki

genyen anpil epi nou ta mete yo chak nan yon ti kare. Sou res kare ki rete yo nou ta

sipoze mete non moun ki te genyen yon enfliyans pozitif nan peyi a tankou Desalin ak

Petyon. Mwen panse jwet la sipoze ble ak rouge ki se koule drapo peyi ya. Sou do

jwet la nou ta kapab desine yon grow pye palmis, paske pwebwa sa genyen anpil istwa

ki mache avek li.



Istwa Eskrab

Nou ap fe tout ti pale sa yo sou eskrab men nou poko pale de istwa jwet la. Li te

komanse Ozetazini nan yon peryod ki rele gran depresyon an. Se te yon peryod ki te

vreman nwa nan sans ekonomik pou anpil peyi sou late. Pa te genyen travay, epitou









manje te che. Yon, achitek ki rele Alfred Mosher Butts ki te youn nan viktim

depresyon sa paske li te pedi travay li te fe yon ide pou li komanse yon jwet. Li fe

rechech li vini realize ke genyen twa kategori jwet; jwet nimewo, jwet kote pou ou

deplase, avek jwet mo. Butts te vle kreye yon jwet ki konbine mo kwaze avek jwet

mo. Premyeman, jwet la te rele "Lexicon" men Butt vin change non an, li vin rele li

"mo kwaze."

Li enpotan pou nou konnen kijan Butt realize fe jwet sa. Li te etidye yon papye

journal ki rele New York Times pou li kalkile konbyen fwa 26 let nan alfabe angle a te

itilize nan papye ya. Li dekouvri ke vwayel part pi plis pase konson, vwayel ki part

pi plis la se "e". Apre li bay chak let yo yon vale. epi li deside konbyen nan chak let ki

ap part nan jwet la. "s" te bay yon pwoblem, akoz moun itilize li anpil, Butts decide

itilize li selman kat fwa paske li pa te vle jwet la two fasil. Sa fe twa generation depi

jwet mo kwaze fe pati sosyete Ozetazini ya. Li te desine premye jwet la avek zouti

achitek li yo. li te mete jwet la sou yon lot jwet ki rele checkers. mwen panse yo te

fatige avek jwet sa. Li te fe ti kare yo tankou sa nou genyen pou jwet nou an men li te

ekri mo yo sou ti jeton yo avek men li. Ala moun gen entelijans papa.

Mwen we Butt genyen gwo sikse avek jwet la, mwen ta swete nou genyen

menm sikse plis pase li menm si sa posib.



Differans an Eskrab Fonemik ak Eskrab tradisyonel

Nan klas nou te pale de de diferan kalite eskrab, youn ki te tradisyonel avek youn

ki te fonemik. Mwen panse sa ki fonetik la ap plis bon pou moun an Ayiti. Li genyen

anpil avantaj pou yon peyi tankou ayiti. Jwet ki gen fason fonemik la genyen vwayel









nazal. Plis popilasyon Ayiti a pa alfabetize nou menm nou ta renmen itilize eskrab pou

nou konbat analfabetizasyason; batay la ap plis fasil si nou itilize zam ki fasil. Itilize

eskrab tradisyonel la ap konplike batay nou paske anpil moun pa kapab konnen ke si yo

mete a avek n ansanm sa ap egal "an", yon vwayel nazal ki kapab ba yo yon mo tankou

ban. jwet fonemik la ede moun paske li ba yo opotinite pou yo eple anpil mo san yo pa

bezwen anpil jeton paske jwet la mete mo yo ansanm. pa egzanp, nan jwet tradisyonel la

yon moun bezwen sis jeton pou ou eple "renmen" men nan jwet fonemik la sa ap bezwen

selman 4 jeton. Sa se yon lot avantaj jwet fonemik la genyen.

Eskrab ayisyen an sipoze genyen aksan ladan. Moun ki ap jwe jwet la sipoze

konnen ke yon mo tankou pe genyen yon aksan sou li, si jwet la pa genyen sa yo pa

kapab konnen sa. Si jwet la genyen aksan ladan li kapab ede moun eple mo korekteman.

Men genyen yon ti pwoblem avek let a, se pweske yon vwayel ke nou pa kapab itilize

nan jwet la menm paske pa genyen anpil mo ki itilize a avek aksan. Tout jwe mwen jwe

jwet la mwen po ko janm fe yon mo ki genyen a ladan. mwen ta di retire let sa

kompletman men li genyen anpil vale let la poukont li vo wuit pwen. Sa bon paske li fose

moun panse avek travay di.

Kom mwen gentan esplike nou eskrab kapab yon zouti ke nou kapab itilize pou

nou kombat analfabetizasyon an Ayiti men li ap pi fasil si nou itilize fom eskwab fonetik

la paske li ap pi fasil pou yon moun ki pa f6 nan eple mo. Li genyen yon lot avantaj paske

ou kapab fome plis mo avek mwens jeton. Eskrab nou an sipoze genyen aksan paske

aksan yo ap ede moun eple pi mo korekteman.









Konklizyon

Eskrab kapab ede nou konbat analfabetizasyon an Ayiti paske lap ede moun eple

mo. Men f6 nou pran tan pou nou popilarize jwet la pou tout moun kapab tande pale de li.

Pou jwet la kapab pi enterese moun Ayiti nap ayisyanize jwet la. Genyen kek ti pwoblem

avekjwet la men nou ap viske yo. Mwen panse jwet fonemik la ap pi avantaje pou moun

ayiti paske li ap ede yo eple mo korekteman.





Bibliyografi

Dejan, Iv. 2006. Yon Lekol Tt Anba nan Yon Peyi Tt Anba. Potoprens: Fokal

http://www.hasbro.com/games/adult-games/scrabble/home.cfm?page=home









Eskrab nan Peyi D'Ayiti

Leticia Casseus, Inivesite de Florid



1. Entwodiksyon

Mwen jwenn anpil plezi le nou jwe eskrab nan klas la paske m komanse rekonet jan 1 ap

ede mwen vin pi anfom avek lang la. Le m di m ap vin pi anfom nan lang la m vle di m ap ka

pale, li, ekri, e konprann lang la pi byen pase m kapab kounye a. Lot elev yo nan klas la konnen

plizye mo ke mwen pa t konnen epi le pou nou fe efo pou nou eple mo yo korek, tout sa ede

mwen epi lot elev yo pou nou vin pwofesyonnel nan lang la. Menm jan eskrab la ap ede nou, m

panse 1 ka ede Ayisyen nan Ayiti. Dejan t ap diskite nan chapit lajan Ayisyen pa kosyan dejan

yo konn diferans yon bonjan fraz kreyol avek yon fraz kreyol ki pa bon. Li di se suiv yo suiv

prensip la depi yo timoun epi li chita nan lespri yo oubyen sevo yo pou tout tan. An verite yo pa

konsyan, men an menm tan sa se pa fot yo. Yo pa menm aprann timoun yo kreyol nan lekol yo.

Ki jan pou moun yo konsyan de poukisa yo pale lang lajan yo pale 1 si yo viv nan yon peyi ki pa

respekte oubyen apresye lang la, lang manman yo. Depi Ayisyen suiv prensip jwe eskrab la m

panse sa ap ede yo li epi ekri an kreyol. Espesyalman ak diksyone a nan men ki sevi kom baz

jwet la, le yo we yon mo yo panse ki pa yon mo vre y ap gade nan diksyone a pou yo ka konnen.

Se le yo kontinye a lod sa y ap vin devlope yon pi bon konprann pou lang la. Se le sa yo kapab

konsyan de kijan yo konn diferans avek yon bon jan fraz kreyol avek yon fraz kreyol ki pa bon.

M panse jwet sa ka fe anpil, anpil, anpil pou moun Ayisyen yo. M kwe se yon komansman pou

yon gwo chanjman pou Ayiti. Jwet sa ap ede moun, menm si se pa tout moun, 1 ap ede anpil

moun vin konprann enpotans lang la.


Casseus 1









2. Jan pou Ayiti Popilarize Eskrab

Gen plizye jan nou kapab popilarize eskrab. Men, si pou nou fe tout moun rekonet jwet la

toupatou se pou nou komanse piti. Mwen vin konprann jan pou yon moun popilarize nenpot

bagay se pou fe anpil anpil moun rekonet sa bagay la ye. Le sa moun ap komanse pale sou sa

bagay la ye, kijan li fonksyone. Moun ap bezwen konn kisa bagay la ye espesyalman si 1 se yon

bagay yo pa janm we nan lavi yo. Enbyen jwet eskrab nou an se yon bagay m ka di anpil moun

pajanm we. Premye bagay nou ka fe pou nou popilarize jwet la se pote jwet la bay fanmi e

zanmi nou pou yo ka aprann jwe 1. Fanmi nou e zanmi nou yo ap sezi we gen yon jwet eskrab an

kreyol. Sezisman an ap koz yo al pale moun de li. Dezyem bagay m te panse nou ka fe se

patisipe a klib kreyol nan aktivite yo nan Inivesite de Florid. Ank6, menm jan avek fanmi e

zanmi nou, y ap sezi we gen yon jwet eskrab an kreyol epi yo tou ap pale lot moun de li. M kwe

si nou popilarize jwet la korekteman moun ap vin konprann enpotans lang kreyol la.

Se vre anpil moun pa konprann enpotans lang kreyol la toupatou. Menm nan legliz yo ann Ayiti

kote yo aprann timoun yo li e ekri yo pa sevi a krey6l, yo pa anseye timoun yo nan lang la. Dejan

(2006:215) pale nou de yon istwa le 1 te ann Ayiti kom yon pe epi 1 t ap poze kek timoun nan yon

klas plizye keksyon an kreyol. Tout timoun yo bay esplikasyon kle. Le Dejan poze yo keksyon

tou senp an franse tout elev yo pe bouch yo. Sa vle di yo pa vreman konprann lang franse a epi se

pou moun rekonet kreyol se lang yo pi konprann epi m kwe sa se youn nan bagay yo ki fe lang

kreyol la enpotan. Epi m kwe sa se objektif

jwet eskrab nou an.



3. Jwet nan kilti Ayiti

Paske m panse Ayiti se yon peyi kote jwet fe yon gwo pati nan kilti peyi a, m panse jwet eskrab


Casseus 2









la ap vin popile byen vit. Depi w se yon Ayisyen oubyen ou konn al vizite Ayiti plizye fwa w ap

konprannjan Ayisyen se gwo fanatikjwet. Epi le yo ap jwe yon jwet se bagay serye. Tout moun

vle pou yo genyen jwet y ap jwe a epi y ap fe tout sa yo bezwen fe pou yo ka genyen jwet la.

Enbyen akoz jwet fe pati kilti Ayiti li p ap difisil pou fe moun rekonet jwet eskrab la. M kwe y

ap asepte jwet eskrab la san yon dezyem panse. Ayisyen ap sezi we jwet eskrab se an kreyol li

ye. Y ap sezi we direksyon yo se an kreyol yo ye, y ap sezi we pou ka jwe jwet la se pou w sevi

ak kreyol. Sezisman sa ap ede moun Ayisyen we sa Dejan we. M di sa tout tan epi m di 1 tout tan

paske m kwe I ak tout ke mwen. Sezisman Ayisyen ap jwenn le yo we jwet eskrab la ap ede yo

rekonet enpotans lang kreyol. L ap ede yo we le Dejan di se pou yo anseye kreyol nan lekol yo se

verite I ap pale. Dejan (2006: 243) di Ayisyen nan mitan lanme kreyol la, yo plonje nan letan

kreyol la, yo benyen nan larivye kreyol la, yo mouye tranp nan lapli kreyol la. Sa vle di se lang

kreyol la Ayisyen pi konprann pase tout lot lang epi se avek lang kreyol pou yo sevi nan tout pati

Ayiti paske se li ki vreman lang peyi a. Ayiti pa dwe pou bay lang kreyol la vag. Menm janjwet

fe pati kilti Ayiti, lang la fe pati kilti a tou. Tout moun konnen lang fe pati nenpot kilti men m pa

konnen pou Ayiti paske yo pa menm sevi ak lang kreyol la kom lang peyi a. Dejan (2006:243) di

kreyol se yon chemen konesans tou pare ki nan lespri oubyen sevo yo. Si sa vre, poukisa

Ayisyen chwazi sevi a franse, yon chemen san konesans?



4. Benefis pou lekol Ayiti si yo sevi avek eskrab

Jwet eskrab la ka fe anpil pou sistem lekol Ayiti a. Mwen di sa paske gen pwofese Ozetazini ki

sevi avek jwet eskrab la. Toupatou gen pwofese nan lot peyi ki sevi avek jwet eskrab la nan klas

yo kom yon fom pou edike timoun yo. Pwofese sa yo ki sevi ak jwet eskrab la nan klas yo pale

sou jan jwet la ede timoun yo nan klas. 95% nan pwofese sa yo di ke eskrab se yon lot jan pou yo


Casseus 3









ka aprann timoun yo nan lekol (Scrabble 2007: 1). Yo di jwet la devlope vokabile elev yo. Apre

yon ti tan yo ka eple mo pi byen, yo vin pi f6 nan matematik, yo vin pi f6 nan yon bann bagay ki

fe relasyon ak lekol. Si sa vre, epi m kwe li vre, enbyen timoun ki elev ann Ayiti tou ka jwenn

anpil benefits nan men jwet eskrab nou an ki fet espesyalman pou lang kreyol la. Fe atansyon,

eskrab pwofese Ozetazini yo sevi a se an angle li ye. Lang elev yo pi konprann. M panse nan lot

peyi ki sevi ak jwet eskrab la nan lekol yo, yo sevi a lang elev yo pi konprann. Se konsa yo vin f6

net nan matematik oubyen eple mo. Tout sa posib pou timoun e tout moun ann Ayiti tou. Men

pou 1 posib, se pou Ayiti sevi ak lang kreyol la nan lekol yo, lang moun yo pi konprann.

Iv Dejan di lang se chemen konnen pou moun ki deja konn lang lan. Lang se barye konnen

pou moun ki poko konn lang lan (Dejan 2006: 191). Ki jan pou elev lekol Ayiti yo vreman

aprann oubyen konnen si yo pa sevi avek lang yo pi konprann? Ki jan li posib? Se pou Ayiti

rekonet sa kreyol vle di pou peyi a. Se pou Ayiti rekonet sa kreyol ka fe pou peyi a. Kreyol se

lang Ayiti, lang yo pi konprann pase lot.



Bibliyografi :

Dejan, Iv. 2006. Yon lekol tet anba nan yon peyi tet anba. Potoprens: FOKAL.

"National School Scrabble Program, 2007." Scrabble. 2007. 1 Dec. 2007

.


Casseus 4






































































Casseus 5










Yon Chans Pou Yon Chani
Maisha Champagne, Inivesite Laflorid


1. Entwodiksyon

Jodiya, le nou gade jan Ayiti ye kounye a, nou we anpil pwoblem avek sante pep

la, moun ki pa gen lajan pou manje, e gouvenman an ki pa fe anye pou yo. Men,

Ameriken pa we lot ki pwoblem Ayiti genyen ki bay menm degre de pwoblem, e se avek

edikasyon timoun yo e alfabetizasyon de Ayiti. On gwo pousantaj de pep la pa alfabetize.

Nan yo ki ka li, majority yo pa ka li nan kreyol, lang peyi a. Dejan di nan liv li ke sa se

paske sistem edikasyon nan Ayiti pa travay men li sipoze travay pou timoun yo avanse

nan vi yo. Avek Franse ke y ap itilize pou alfabetize timoun yo, yo pa nan kondisyon pou

devlope lang kreyol la. Nan tout tan ke sistem edikasyon te konsa, nou pa we anpil efose

pou change li. Men, gen moun tankou Dejan e Valdman ki bay yon ti fos pou edike

Ayisyen nan Ayiti e nan Ozetazini sou chanjman nou bezwen. Avek nouvojwet sa yo

rele M6 Kwaze Kreyol Ayisyen, nou ka we on lot chans pou pep d'Ayiti alfabetize nan

lang yo e pa nan Franse.

Jwet M6 Kwaze se yon jwet nouvo, men li jwenn yon ti popilasyon sou Inivesite

Laflorid ki we li deja. Moun la a aksepte jwet sa, men nou pa konn si moun nan Ayiti ap

aksepte 1. W ap gen moun ki ka di ke se yon jwet ki vreman estipid e yo p ap jwe li. Alo,

w ap gen moun ki pa santi ke li fet korekteman, paske gen diferan dyalek nan Ayiti.

Moun sa yo ekri e pale diferen nan zonn sa yo. Men sa yo pa konprann, se jwet sa ap ede

moun pa selman li e ekri, 1 ap ede ekonomikman, pati akademik, e sosyete peyi a.



2. Ekonomi d'Ayiti









Depi 1980, ekonomi d'Ayiti desann anpil. Nou we plizye chanjman nan

gouvenman an e batay avek diferan sosyete nan peyi a. Se pou rezon sa yo ke Ayiti pa

devlope jan li sipoze. Gen anpil etid ki montre jan Ayiti ap tonbe deye lot peyi ki nan

menm sitiyasyon. Plis ke katreven pousant moun nan popilasyon an viv telman pov, yo

pa ka achte plis pase pen pou manje pou jou a.

Ekonomi an desann plis nan 2001 le prezidan Aristide te la. Men nou we

avansman nan 2006 le Prezidan Preval vini. Plis ke swasant sis pousan plante pou lajan e

pou jwenn manje pou fanmi yo. Ayiti pa we anpil avansman nan lot travay tankou travay

pou administrasyon an, oubyen nan lasyans tankou dokte. Men jwet tankou mo kwaze ka

change sa.

Dejan di ke nan Kiba avan 1960, plis ke katreven dis pousan nan popilasyon pa te

konn li, men apre Kastwo vini, li desann nimewo a pou jis ke 1 rive nan de pousan. Nou

pa konne ki sa Kastwo fe men nou ka we jan Kiba avanse nan alfabetizasyon pep la. Si

pep d'Ayiti jwejwet sa e fe lot bagay ki ka fe edikasyon pi fasil, nou ka we yon

avansman menm jan avek Kiba.

A16, alfabetizasyon pep la ka fome travay nan diferan pati ekonomi an tankou

administrasyon e lasyans. Plis moun ap konn ki jan pou li, e y ap ka fini lekol pou fe

bagay avek tet yo. Jodiya, gen plis dokte ki soti lot peyi ki nan Ayiti pase dokte ki

Ayisyen. Avek bagay tankou jwet sa, nan set ou dis ane konn sa, n ap we plis Ayisyen ki

dokte, ki avoka, e ki pwofese. A16 moun sa yo ap ede ekonomi d'Ayiti. Ayiti ap avanse e

lot peyi p ap gade 1 move jan.



3. Diferans nan Sosyete









Menm jan jwet la ap ede ekonomi a, 1 ap bay yon kout men nan sosyete d'Ayiti.

Jodiya, ou ka achte jwet ki rele mo kwaze nan san venteyen peyi diferan, e ou ka jwenn li

nan ventnef lang diferan. Men pou ki sa nou pa genyen 1 nan kreyol? Depi mil nef san

katreven, popilasyon an t ap gwose rapidman. Jodiya, gen plis ke uit milyon moun. Pou

rezon sa, gen Ayisyen ki kite ale nan lot peyi. Sa vle di ke Ayisyen anvayi lot kote.

Radyo nan Ayiti kounye a fet nan kreyol e nou ka we yon ti chanjman nan kilti peyi a.

Apre Aristide ale, Ozetazini ak lot peyi voye ed pou moun yo. Yo jwenn avek moun yo ki

rete nan Port-au-Prince, avek moun abitan yo ki rete nan mon yo.

Si se posib pou jwenn avek moun sa yo, sa vle di ke jwet la ka jwenn avek yo tou.

Jwet la ka asiste abitan yo aprann kreyol korekteman. Li ka ouvri je yo pou yo we lot pati

Ayiti genyen pou ofri yo. Si li ka edike moun, li ka change jan sosyete Ayiti mache. Gen

yon ti popilasyon Ayisyen ki gen yon travay, yon bel kay, avek yon bon ti machine. Men,

gen yon gwo popilasyon ki pa gen yon kay, yon travay, avek yon machine pou fanmi yo.

Si nou edike moun yo, nou ka we moun k ap eseye fe yon chanjman avek vi yo. Menm si

yo pa gen anyen, y ap fe efo yo pou kite povrete a. Mwen panse se pou rezon sa ke nou

we anpil moun ki pov. Wi, yo pa gen lajan pou tet yo, men gen moun ki pa konn ki sa yo

ka fe pou ede tet yo.

Ou kajwe jwet la sou odinate, epi ou ka achte yon ti jwet pou le ou pati. Sa ka ede

timoun nan lekol aprann pi fasil. Li ka gen mo pou tout subji yo. Menm granmoun yo ka

jwe. Jwet la fet avek gwo let pou moun ki pa ka we telman byen. Si jwet la fet nan jan

diferan, ou ka gen yon mo kwaze pou lasyans, yon mo kwaze pou lang, yon mo kwaze

pou sante. Moun ap gen yon bon tan avek jwet la, e y ap edike tet yo an menm tan. Si yo









edike tet yo, Ayiti ap gen mwens moun ki pov, plis moun ki edike e ki fini lekol, e yon

chanjman nan system sosyete.



4. Akademik sou Ag6ch, Timoun Sou Adwat

Menm si sosyete Ayiti avanse, fok nou chonje ke premye pwoblem nou sipoze

gade se timoun yo. Akademik d'Ayiti se kote tout pwoblem sosyete avek ekonomi a ale.

Se timoun yo ki soufri le nou pa gen chanjman nan peyi a. Fok nou gade si jwet sa ka

pwote chanjman an peyi a bezwen.

Nan peyi a, gen swasant set pousan nan timoun ki antre nan premye ane lekol, e

nan pousan sa trant pousan rive nan sizyem ane lekol. Avek plis ke 90 pousan nan lekol

yo nan Ayiti prive, lekol sa yo pa jwenn anpil ed nan men gouvenman an. Men, ou ka we

ke fanmi vle timoun yo fe efo pou ale paske yo we lekol tankou yon kle k ap ouvri pot

pou chans e pou yon vi ki pi bon. Kounye a, Ayiti jwenn ed nan men lot peyi avek plizye

program ki soti 0 Zetazini, tankou USAID. USAID voye moun ki ede yo vire jan system

edikasyon Ayiti chita jodiya.

Men, tout moun konne ke timoun pa ka rete anpil tan chita nan yon klas ap tande

yon granmoun k ap pale sou bagay tankou lasyans ou istwa. Jwet sa ka fe timoun vle rete

nan plas yo pou jwe jwet la, an menm tan pou kontinye nan alfabetisasyon. Si nou gade

byen, jwet la tankou yon chat k ap tann pou bet la vini sou li pi pou manje li. Jwet la ap

tann pou timoun yo vin chita pou jwe avek li, epi avan yo konn, jwet la gen timoun yo. Y

ap we ke yo p ap fe travay, sejwe y ap jwe. Ozetazini gen jwet konn sa ki sanble yon

bagay ki pa travay, men se travay li ye paske timoun yo ap atrap yon leson. Se nan menm









sans. Avek jwet la, nou ka we plis timoun pase sizyem ane lekol, e k ap fini net avek

lekol.



5. Finisman

Avek tout sa ki nou we jwet la ka ede, fok nou made tet nou eske 1 ap fet vreman

e si 1 ap rete pou anpil tan. Gen bagay, pa selman jwet la, ki konn desparet paske li pa fe

sa li sipoze fe pou sosyete. Se pou rezon sa ke nou gen moun tankou Pwofese Ben avek

lot pwofese e moun ki etidye bagay konn sa k ap we ki sa jwet la make e ki sa yo ka

change pou fe 1 pi bon.

Te gen yon jwet nan Ozetazini ki te rele "Hooked on Phonics" e li te ede timoun

aprann li e ekri. Yo te gen jwet sa nan mil uit san katreven set e depase ane sa. Le li fek

komanse, li pa tjwenn anpil moun ki t ap eseye. Men avek tan, jwet la vin pi popile avek

timoun. Kounye a, yo gen menm jwet la, men li ede timoun avek bagay tankou lang e

matematik. Menm jan, jwet mo kwaze a ap jwenn yon ti popilasyon k ap jwe li, e avek

tan popilasyon an ap gwosi.

Le m realize jan jwet la ap avanse, mwen panse ke 1 ap monte nan senk ou sis

ane konsa. Mwen kwe ke 1 ap jwenn popilasyon an li bezwen. Men pou jwet mo kwaze fe

lajan e pou jwenn moun yo ki bezwen tankou moun abitan yo, f6k li gen anpil moun k ap

travay sou li pou fe 1 vreman bon. Nan menm tan, f6k li gen moun k ap soti al montre 1.

Nan angle yon rele sa "advertisement." Gen anpil bagay ke moun fe tankou bagay nan

teknoloji, ki pa jwenn yon gwo popilasyon paske li pa t genyen gwoup moun sa yo ki t ap

soti fe lot moun we gen yon jwet kon sa. Apre tout sa, mwen panse sou popilasyon

Ayisyen nan tout lemonn. Eske y ap ede tet yo avanse nan vi sa?









Bibliyografi

Dejan, Ive. 2006. Yon Lekol Tt Anba nan Yon Peyi Tt Anba. Potoprens: Fokal.

Jean-BetrandArisitde. http://en.wikipedia.org/wiki/Jean-Bertrand_Aristide.

Latin America and the Caribbean.

http://www.usaid.gov/locations/latin_america_caribbean/country/haiti/

Valdman, Albert. 2007. Haitian Creole-English Bilingual Dictionary. Albert Valdman:

IN. pg. 306, 743.









Yon Chanjman nan Peyi Ayiti

Merline Dieujuste, Inivesite LaFlorid


"Kreyol se prensipal chemen konesans pi f6 Ayisyen

genyen espesyalman timoun ant 6 an ak 18 an." -- Iv Dejan.


Entwodiksyon

Nan yon peyi kote majority moun pale kreyol, lekol dwe fet an kreyol. Tout aspe

edikasyon dwe an kreyol. "Nou dwe sevi ak lang kreyol la kom yon mwayen pou elev aprann li,

aprann ekri, develop konesans yo an dives branch... sa pa fe sans si elev p ap kapab sevi ak

kreyol pou aktivite y ap Omennen nan peyi yo, nan sosyete yo kote kreyol dwe gen yon plas

ofisyel, sitou nan ekriti." Dejan di nan liv li: "moun deja gen seten lide sou koze lang nan lespri

yo menm si yo pa konn sa." Mwenjwenn istwa Dejan bay de me lekol yo avek ti kreten yo kom

pi bon istwa nan liv la. Malgre elev yo enskri nan lekol katolik e y ale nan klas relijyon yo toujou

pa konnen sa yo dwe konnen. Akoz mwen di yo pa konnen sa yo dwe konnen sa pa vle di yo sot.

Yo pa konnen anyen nan franse men yo konnen anpil, pale anpil, yo made anpil keksyon an

kreyol: sa se lang manman yo.





Otograf ayisyen


Nan liv, Yon lek6l tet anba nan yon peyi tet anba, Dejan esplike jan kreyol yon lang ki pi regilye

pase lot lang nan peyi a. Lang angle a genyen 40 fonem men otograf angle a ekri li 1120 fason

diferan. Kreyol pi senp. Nou gen 26 oubyen 27 son deferan ki ekri 7 grenn fason diferan, depi

nan 1980. Let a, an, a, e, e, en, o, 6, on, ou bay menm son an nan nenpot mo ou mete li. Angle

diferan paske li depann sou mo a; 2 mo ki gen menm let a ka pwononse diferan. Sa mwen pa









kapab konprann se: poukisa nou gen otograf sa depi lontan men nou pi pito sevi avek lang febles

la (franse).





Ayiti: yon pe lang?


Iv Dejan (Yon lek6l tet anba nanyonpeyi tet anba) esplike kat pozisyon posib pou lekol an

Ayiti. Premye pozisyon an made pou fe lekol an franse. Ayiti deja nan premye pozisyon; nou

gen sistem sa deja. Sistem sa pa travay. Li ap bay move rezilta. Dezyem pozisyon an made pou

sistem lekol la sevi avek kreyol kom wout pou franse. Twazyem nan made pou Ayiti gen de pe

lang. Gwo peyi ki gwo peyi pa gen pe lang e moun vle pou Ayiti gen pe lang. Li pa fe sans.

Dejan bay nou senk rezon li pa posib pou Ayiti gen pe lang. Poutet rezon ekonomik, jewografik,

sosyal, pedagojik e tan, Ayiti pa ka gen pe lang. Ayiti pa kole avek lot peyi ki pale lot lang pou

yo ka benyen nan lang nan. Pa gen ase pwofese ki pale ni kreyol ni franse; pa gen ase tan. Denye

pozisyon an, se pozisyon Dejan ap esplike nan tout liv li a. Lekol an kreyol net. Lekol an kreyol

fe sans poutet Ayiti se yon peyi kote majority moun pale kreyol. Se yon minority moun ki pale

franse, e yon ti ponyen men moun ki pale kreyol e franse. Ayiti pa bezwen yon pe lang. Se poutet

rezon sa Eskrab an kreyol ta byen ede moun an Ayiti. Nou we nan tout liv Dejan, li vle konvenk

moun: lekol dwe fet an kreyol. Eskrab se yon jwet ki tre senp. Mwen we li tankou yon jwet

nenpot moun kajwe. Li pli senp pou moun ann Ayiti, lang peyi a se kreyol. Elev an Ayiti ap pedi

bon ane de konesans poutet yon sistem lekol tet anba.





Yon lang kapab fikse?









Yon pawol mwenjwenn enteresan se le Dejan ekri yon deklarasyon nan konstitisyon ki:

"... mete yon Akademi pou li fikse lang kreyol la." Lang kreyol la pa ka fikse. Si yon moun vle

ranje yon lang sa vle di lang la gen yon pwoblem. Koman ou fiske yon lang? Lang kreyol la pa

kraze. Dejan di nou: "jou yo fikse [yon lang] se mouri yo mouri. Li esplike lespri moun toujou ap

fe mouvman, e lang lan an mouvman ave 1. Dejan founi nou avek yon solisyon pou pwoblem

fikse lang la. Li di: "Yo [gouvenman] mete yon biwo, nan inivesite leta a, pou li fikse yon

program etid ak rechech sou lang kreyol la. Dekwa pou etid ak rechech sa yo fet anfom, ann 6d

epi selon prensip lasyans, e pou leta depanse lajan ki nesese pou rechech sa yo."





Eskrab nan peyi Ayiti

Eskrab se yon jwet ki ta byen bon pou moun ann Ayiti men fok jwet la akomode timoun

kom granmoun; granmoun ki pa pase ban lekol. Moun ki pale yon lang gen pouvwa pou yo

"rekonet si fraz byen anfom, oubyen si yo pa anfom net." Sa se avantaj moun ann Ayiti,

espesyalman elev yo, ki jwe Eskrab an kreyol ap genyen. Avantaj sa ap ede yo aprann ekri.

Ayisyen ap aprann prensip jwet la e aprann ekri menm jan san yo pa konnen. Jwet Eskrab an

angle enpotan pou Ameriken. 0 Zetazini Eskrab kapab ede timoun kom granmoun aprann eple

mo ann angle e li ka ede yo ekri tou. Menm bagay Eskrab fet an angle, li kapab fe an kreyol.

Eskrab an kreyol se teknoloji Ayiti bezwen pou moun ka alfabetize nan peyi Ayiti. Jwet la ta pi

benefisye elev ann Ayiti ki chita nan lekol ki fet pou franse. Nan liv, "Yon lek6l tet anba nanyon

peyi tet anba, "Dejan esplike jan elev ki ann Ayiti pa aprann an kreyol; sa vle di granmoun yo

pa te aprann li e ekri kreyol ositou. Entansyon jwet la se pou moun ki ap jwe a fe mo avek let yo

te chwazi nan yon chache san gade. Nan fe sajwe a aprann ekri mo li konnen e sa li pa te

konnen. Elev kapab sevi avek kom yon aktivite estra pou elev fe lakay yo. Li ta yon bon lide si









pwofese lekol yo ta sevi avek Eskrab kom yon jan pou elev aprann vokabile. Eskrab se yon jwet

kote tout fanmi ka jwe.


Eskrab an kreyol ta ede alfabetize Ayisyen pi vit pase lekol te anba ki ann Ayiti. Mwen

we Eskrab se yon pi bon altenativ pou timoun ak granmoun. Ayisyen ki pa gen tan ale chita nan

bann lekol. Li pi bon pase chita nan bann lekol paske elev lekol pa menm konprann sa y ap

aprann nan lekol tet anba.





Eskrab e otograf


Dejan bay yon egzanp de kek son mo an kreyol fe. Nan jwe Eskrab moun ka aprann fe son mo e

son sa yo ka rete avek yo e yo kapab komanse ekri kreyol. M ap sevi avek tet mwen pou yon

moman kom egzanp. Mwen konnen mwen pa konn eple anpil mo an kreyol, men pandan mwen

komanse jwe Eskrab mwen aprann pwononse lot mo moun ki ap jwe yo eple. Li mwen

pwononse mo sa yo mwen ka chwazi se pou m made moun nan defi oubyen si mo yo ekri a

bon. Jan mwen tande son mo yo rete avek mwen e mwen ka ekri yon fraz sou son mwen tande.





Konklizyon


Dejan di nou nan denye chapit la: leta se nou, nou se leta. Nan sans sa, se Ayisyen ki fe

leta, sa vle di leta dwe travay pou pep ayisyen an; pou benefisye pep ayisyen an. Nan peyi Ayiti,

gen yon sel lang, si nou ta sevi avek li, nou ta byen avanse. Ayiti pa tankou lot peyi, pa gen de

lang. Se yon sel lang. Nou te ka yon peyi ki pwodui elev entelijan. Olye nou nimewo 200 nan lis

peyi ki f6 nan akademi, nou ta nimewo 3, 4 oubyen 5. Dejan konvenk mwen depi nan premye









paj le li di pou lekol fet an kreyol. Anpil moun ap fache si kreyol ta ranplase franse men kreyol

se sa ki bon pou elev an Ayiti. Ayiti bezwen yon chanjman e liv Dejan se premye pa pou

chanjman sa.









Ki Koze Alfabetizasyon Sa?

Mynoucka J. LaFalaise, Inivesite Laflorid



Ayiti se yon peyi ki akonpli plizye bagay ke menm lot peyi jodi a poko akonpli.

Kom premye peyi Nwa ki jwenn endepandans li, Ayiti se yon peyi ki vreman fe pwogre.

Malgre Ayiti rive nan pwen endepandans, sistem lekol ki egziste kounye a pa benefisye

elev lekol yo. Nan liv ki rele Yon lek6l tet anba nanyonpeyi tet anba, Iv Dejan diskite

sitiyasyon ki nan lekol peyi d Ayiti. Malgre tout moun Ayiti leve e benyen nan lang

kreyol, yo pesiste fe lekol yo an franse. Sa se yon enjistis ki fet nan peyi a e genyen anpil

solisyon nou ka itilize kom moun ki apresye edikasyon pou ranje pwoblem nan.



Yon method ki ka ede ranje pwoblem nan system lekol Ayiti

Yon bon sistem edikasyon se yon bon fondasyon pou yon peyi. Li enposib pou panse ke

nan yon sel jou, tout moun ki rete nan peyi d Ayiti ka alfabetize, men se ti pwogre yon sel

moun konmanse ki ka change e ranje sistem lekol la. Le yon moun aprann li e ekri, li

ouve pot ke anpil moun pa tjanm kwe te ka egziste. Lip ap fe sans si pou mwen ta rele

pwoblem lekol Ayiti a senp. Le koze kilti yon moun se rasin pwoblem nan, pou yon

moun kreye yon solisyon vin yon jan konplike. Anpil moun ki abite Ayiti kounye a

toujou genyen mantalite ke Franse se yon lang ki pi siperye pase lang kreyol; epi kreyol

se yon lang tout moun deja atrape. Pou yon moun ki pa rete nan peyi a, li ka sanble

tankou ide sa ridikil. Le se avek ide sa yon moun leve, menm si li ka pa yon bon ide, li ap

vreman difisil pou change. Elev ki ap etidye pwoblem ki nan peyi d Ayiti vle ede moun

ki nan peyi a e change sistem lekol la devlope yon jwet ki ka ede sitiyasyon an. Non jwet









sa rele Eskrab. Jan jwet sa devlope, yon moun ka aprann diferan mo e an menm tan

patisipe nan jwe jwet sa. Ayiti genyen yon kilti kote jwe jwet vreman popile. Eskrab se

yon jwet kote tout moun kajwi le yo ansanm e aprann diferan mo an menm tan. Le yo

aprann diferan mo sa yo, vokabile yo ap genyen plis varyete. Se avek ti efo sa yo Ayiti

ap kapab grand e rezidan ki rete nan peyi a ap kapab komanse apresye edikasyon.



Diferans ant lekol Ayiti avek lot peyi

Timoun o Zetazani komanse ale lekol komase nan laj 4 an. Dejan di nan liv li a ke distans

elev timoun o Zetazani yo rive nan yon seten laj, yo deja benyen nan plizye diferan mo

epi vokabile yo grand avek chakjou ki pase. Se konsa Ayiti bezwen ankouraje elev

timoun yo pou yo aprann diferan mo e renmen aprann. Timoun yo ka pa tjanm genyen

chans renmen tet yo si yo pa janm tande mo ankourajman epi si yo pa genyen abilite

aprann diferan bagay nan lekol yo. Jwet sa se pa yon jwet yo moun ap senpleman jwe

pou yo pajanm aprann anyen ladan li. Jwet sa ka change kondisyon Ayiti epi tout moun

ka genyen yo nouvo chans aprann li e ekri. Le reziden Ayiti yo alfabetize, sa va ouve

yon lot pot pou yo e plizye opotinite ke yo pat janm kwe ta vin posib pou yo. Plizye

imigran Ayisyen ki ale nan diferan peyi, pa tjanm genyen chans pou yo aprann paske yo

pa tjanm aprann li e ekri nan lang manman yo. Paske yo pa konnen li menm, li vin pi

difisil pou yo aprann yo lot lang.



Solisyon pou Ayiti: Eskrab









Plizye moun ka di ke yo pa we kijan yon jwet ka fe tout chanjman sa. Malgre

rezon moun jwe diferan kalite jwet se paske yo vle fe konpetisyon avek kamarad yo, jwet

Eskrab la bay moun yo opotinite pou yo aprann vokabile kreyol la Sitiyasyon

nan peyi Ayiti fe li pi difisil pou moun ale lekol. Nan liv Yon lek6l tOt anba nanyonpeyi

t0t anba, Dejan pale sou diferan pwoblem sistem lekol la genyen. Nan lekol yo, pwofese

yo fe leson an franse;yon lang ke majority timoun Ayiti pa konprann.

Sa ki ap yon pi gwo benefits nan jwet Eskab la, se ke jwet la fet an kreyol, yon lang tout

timoun ann Ayiti konprann. Kreyol se yon lang tout moun konprann paske se avek lang

sa yo leve. Tan e pwoblem ekonomik, se de gwo pwoblem ki rezon ke anpil moun pase

vi yo san yo pajanm ale lekol. Travay e soufrans pran peyi a, san yo pajanm genyen

chans we vi yo. Malgre tout pwoblem sa yo egziste, moun nan peyi a toujou jwenn tan

pou yojwe yon jwet. Le moun pran tan pou yojwe yon jwet, li ta nan entered yo pou yo

jwe yojwet ki ka ede yo aprann diferan mo ki nan otograf kreyol la.



Vre Endepandans

Sistem otograf ki devlope pou kreyol pa genyen anpil tan depi li devlope. Menm

jan li pa genyen anpil tan depi li fet, plizye moun ann Ayiti rete san yon pa janm ekspoze

avek sistem otograf yon lang ke yo deja konnen. Angiz moun ki genyen edikasyon yo

aprann e montre lot moun sistem kreyol la, yo pran tout tan yo ap etidye franse. Ayiti

genyen endepandans li pou plis ke 200 ane, li le pou yo vreman pran endepandans yo nan

men Lafrans. Vre endepandans se le tout moun ka alfabetize e yo ka vin moun endepan

ki ka ede tet yo. Le yon moun pa konn li, li fe li vreman difisil pou yo fe pwogre. Sa ki

pi mal, se Frans pa kenbe men moun Ayiti pou yo pa aprann lang yo, men plizye "lelit"









ann Ayiti pa realize ke lang kreyol la nesese pou devlopman peyi a. Tout lot peyi fe

lekti yo nan lang manman yo, men Ayiti rete deye e yo fe lekti yo nan yon lang etranje.



Se pou tout rezon sa yo devlopman jwet sa vreman enpotan pou Ayiti.

Li pajanm two ta pou fe pwogre nan yon peyi ki genyen pwoblem. Sa ki pi mal,

se le tout moun we yon pwoblem epi yo pajanm fe anyen pou yo ranje sitiyasyon an.

Lekol ann Ayiti poko rive nan yon pwen kote yo pa kapab ede elev yo vin konpetan nan

otograf kreyol. Tout moun dwe genyen yon chans pou yo aprann. Edikasyon kapab

ouve yon pot pou plizye moun. Anpil moun nan lot peyi pajanm realize ki jan yo beni

pou yo genyen yon chans jwenn yon bon edikasyon. Si ou made moun nan peyi d Ayiti,

anpil nan yo ap di ou ke yo anvi aprann. Li pa fe sans ke menm moun ki rele tet yo

Ayisyen, se menm moun sa yo k ap fe mechanste epi y ap kenbe moun ann Ayiti ann

esklavaj toujou. Esklavaj pa egziste kom yon gwoup moun kap eseye kolonize yon lot

gwoup moun. Men jan li egziste nan peyi Dayiti se ke toujou genyen moun kap kontwole

majority moun ki abite nan peyi a. Genyen yon minority moun ann Ayiti ki pale franse.

Gwoup moun sa yo vle pou majority moun ann Ayiti itilize franse kom lang yon pale

nomalman. Dejan di ke plis pase katrevandis pousan moun pa konprann franse menm

ann Ayiti. Pousantaj sa a, enkli yon seri pwofese ki pa vreman konprann franse pou tet

pa yo. Lelit ann Ayiti kwe se yon byen y ap fe le yo kenbe lang franse kom lang pou fe

lekti ann Ayiti. Le yon moun pa bay lot moun opotinite pou yo aprann, se komsi se nan

esklavaj ou kenbe yo. Plizye ewopeyen lontan pa t kite esklav yo aprann nan lekol paske

yo te kwe ke esklav yo t ap revolte. Kom yojan pou yo kontwole yo, yo pat kite yo

jwenn konesans.











Yon sitiyasyon ki byen gray men li pa two ta

Sije ke Dejan diskite nan liv li a pat an ven. Sitiyasyon nan lekol Ayiti bezwen

chanjman. Elev yo bezwen delivrans. Si yon jwet kom eskrab kapab fe yon diferans nan

lavi moun ann Ayiti, se preske yon enjisitis ki t ap fet si nou pa distribiyejwet sa nan peyi

a. Pa genyen rezon nan ane 2007 pou moun pa kapab jwenn yon bon edikasyon. Vale

kob ki depanse sou rad, bijou, avek lot bagay ki pa itil moun anyen, pa genyen rezon pou

Ayiti pa ta jwenn sipo pou elev yo ka jwenn yon edikasyon. Le a rive pou chanjman sa

fet. Se tan kap gaspiye e moun ap mouri anvan yojwenn yo chansjwi pi bon kado ke

Bondye bay. Kado sa se le yon moun aprann yon bagay yo kapab kenbe avek yo pou tout

vi yo.












Bibliyografi

Dejan, Iv. Yon Lekol Tet Anba Nan Yon Peyi Tet Anba. Potoprens: FOKAL (Fondasyon

Kilti Ak Libete), 2006.









Mo Kwaze ak Iv Dej an
Theresa Murray, Inivesite Laflorid


1. Sistem grame ak Mo Kwaze

Tankou Dejan, m kwe moun konnen sistem sentaks ak sistem grame menm si yo pa

konnen yo konnen sa nan tet yo. Mwen kwe, menm si moun pa kapab li ak ekri, yo konnen ki

jan pou pale pou lot moun kapab konprann yo. Depi moun benyen nan yon lang, epi sevi ak yon

lang, menm si yo tre piti, y ap konnen si bagay y ap di pa fe sans nan lespri yo. Tout ti egzanp

Dejan bay esplike sa nan yo bon jan, epi m te byen kontan e m te konprann Dejan (e1 sa a).

Dejan di yon bel bagay le li pale sou moun ann Ayiti ki pa gen vokabile franse nan tet yo.

Paske moun ann Ayiti leve nan krey6l, se sistem grame sa a yo ta dwe sevi avek. Se byen terib,

lekol ann Ayiti ap fe tet timoun pete paske yo fe lekol an Franse. (M vie di ke m pat konprann

Franse a Dejan te ekri- pou ki sa li fe sa?) Pwofese yo ta kapab esplike yon kantite gwo bagay

difisil nan krey6l, epi tout timoun yo ta kapab vreman vre aprann. Pwofese yo pa ta bezwen

grennen lang Franse a san timoun yo konprann lide a. Tout peyi a ta kapab avanse paske sevo

moun ki te gen tan ale nan lekol ta kapab ede lot moun (ki pa gen edikasyon) ranje bagay nan

Ayiti. Le se repete w ap repete yon bagay ki pa fe okenn sans, ki jan w ap kapab konprann ni

aprann anyen? Sitiasyon sa a se yon gwo betiz, epi viktim betiz la se tout timoun nan lekol ann

Ayiti!

Si m panse sou Mo Kwaze, m kwe nepot jan moun ann Ayiti kapab vin li ak ekri se yon

bon bagay: Mo Kwaze bay yon chans pou sa. M kwe Dejan ta byen kontan si kreyol ta vini pi

rekonet (epi pi respekte) nan lavi moun nan Ayiti epi yon jwet se yon bon jan pou prezante yon

lide san moun konnen se edikasyon vre. Si nou ta fe timoun konnen jwet la, nou ta kapab fe

granmoun enteresen ladann tou.











2. Mo Kwaze nan legliz

Le m panse sou Dejan pou semenn sa a, m kwe Dejan ta kontan si nou ta kapab fe Mo

Kwaze yon bagay moun ta kapab jwenn nan legliz, oubyen apre legliz, le tout moun ap pale epi

fe ti koze yo. Dejan te ekri sou moun nan legliz, epi li di nou si yo pa vle vin tet anba (tankou

sistem lek6ol), yo te bezwen fe legliz nan kreyol paske se sa tout moun konprann vreman. M kwe

anpil moun nan Ayiti konn ale nan legliz, epi si nou ta mete Mo Kwaze nan kote sa a, anpil

moun ta kapab vin aprann sistem otograf kreyol. Nou ta kapab rele li yon pwoje pou lasante

kominote a, epi moun konn respekte bagay konsa. Si granmoun ak timoun jwenn jwet sa a nan

yon legliz, yo ta kwe li te yon bon bagay, pa yon jwet pou moun nan lari. Nou ta kapab

popilarize jwet la konsa.



3. Mo Kwaze se yon zouti

Dejan pale nan chapit sa yo sou plizye lot lang ki pi konplike pase kreyol. Paske Dejan se

yon moun ki lengwis, epi m we li fe anpil tan panse ak pale sou kreyol (ak lot lang), m kwe 1 ap

bay verite. Li di nou kreyol sevi ak 26 oubyen 27 son diferan, epi li gen yon bon sistem otograf

ki ofisyel, moden epi regilye depi 1980. Pou rezon sa a, nou ta kapab montre moun ann Ayiti ki

jan pou yo vin li ak ekri an bon kreyol pi fasil pase franse. Mo Kwaze a bay nou yon zouti pou

sa. Le moun ap konpoze ti mo yo, y ap aprann kanmenm. Nou ta selman bezwen te gen moun

kap jwe ki konn li ak ekri kreyol (epi ki f6 ladan). Si nou ta mete yon ti diksyonne nan jwet la, li

ta fe li pi fasil pou moun le y ap aprann.

M panse nou ta dwe jwenn moun pou fe envestisman nan jwet Mo Kwaze paske san

lajan, lap difisil pou nou mete 1 nan men moun Ayiti yo.











4. Tout lekol ta dwe fet an krey6l

M byen kontan nou fini ak Dejan kounye a. Le m panse sou liv la, m we Dejan se yon

moun ki edike, epi m kwe li se yon nonm ki gen anpil lespri. M we li panse sou anpil bagay

enpotan moun ta dwe gade. M dako avek li le li di tout lekol ann Ayiti ta dwe fe tout pwofese yo

fe tout leson an kreyol. Men, li bezwen tande lide sa a: li pale anpil sou menm bagay plizye fwa,

epi sa kapab anbete moun le y ap li yon liv. Dejan bezwen konnen tout moun pa gen tet di! Li pa

bezwen di nou koze li a swasanndiset fwa set fwa, non!

M kwe Dejan bay bon rezon ki esplike pou ki sa Ayiti pa kapab vin yon peyi ki gen pe

lang. Menm si Ayiti kontinye itilize franse ak kreyol, li di nou pa gen yon lot peyi ki fe sa

kounye a. Li pa pratik pou yon peyi ale chache yon lang etranje le yo deja gen yon bon lang yo

kapab sevi avek. Si Ayiti vle fe timoun vin granmoun ak bon sevo, se pou yo ranje sistem lekol

la. Se pou tout moun ann Ayiti jete vye lide ki di kreyol pa bon, oubyen franse a pi bon pase

kreyol.



5. Mo Kwaze kapab ede moun

Mo Kwaze a kapab ede moun ann Ayiti vin pi alez ak kreyol pou lang prensipal e ofisyel.

Le moun lelit yo we kreyol kom yo gwo chef jwet, moun sa yo pa kapab di lang kreyol pa yon

vre lang. Moun lelit yo pral we nanje yo kreyol la se yon bel lang ki gen bon otograf. Moun ki

rete an deyo kapab we menm bagay la, epi yo kapab kenbe tet yo wo, menm si yo pa konn pale

franse a. Si tout pep Ayisyen yo te konnen yon bel jwet tankou Mo Kwaze an kreyol t ap

pwodui nan yon lot peyi, tankou Zetazini, jwet la ta kapab montre tout moun yo genyen yon lang

ki vreman vre. Men, m kwe li ta pi bon si Ayiti ta pwodui jwet la paske lajan an ta kapab ede yo.











6. Ki jan n ap jwe Mo Kwaze

M kwe li tre enpotan pou nou vin konprann ki jan nou pral jwe Mo Kwaze. Le nou t ap

pale sou sa nan klas Ayisyen, nou te we ki kalite pwoblem nou kapab jwenn le nou jwe fonetik,

oubyen pa fonetik. M kwe li ta byen si nou ta kapab jwe anpil jwet fonetikman, epi anpil pa

fonetikman pou nou kapab we ki jwet pase pi bon. M kwe li pral pran tan pou nou kapab we ki

jan ta pi fasil epi pi bon. Se pou nou devlope yon rezon ki fe sans pou youn oubyen lot. M kwe li

ta yon bon bagay si nou ta pale ak yon moun ki devlope Mo Kwaze nan yon lot lang ki ta kapab

pale sou sa pi byen. Se pou jwet la bay yon jan pou mete mo ak plizye let, epi le m tap jwe, m we

sa tre difisil. M pa konnen si yon jan kapab fe jwet la bay pi bon chans pou mete pi gwo mo.

Alfabetisasyon se yon bagay tout moun bezwen vin konnen. Le m te tande nan klas 50%

moun ann Ayiti pa konn li ekri, m vin sezi. Ak Mo Kwaze, nou kapab fe yon diferans nan lavi

moun sa yo ann Ayiti. Nou kapab ede anpil moun ki p ap jwenn yon lot chans pou fe sa. Anpil

moun pov p ap janm jwenn yon edikasyon nan lekol, men m kwe anpil moun kapab jwenn jwet

sa a Moun ki konn alfabetize kapab jwenn pi bon djob, epi yo kapab fe plis lajan. Si nap mete

plis lajan nan men moun pov, n ap fe yon bagay ki vreman bon.



7. Se Ayisyen mwen ye

M we menm, m renmen jwe Mo Kwaze an kreyol. Le m ap jwe, m santi m konn kreyol

la. M santi sa nan k6 mwen, nan ke mwen epi nan lespri mwen. Li fe m kontan paske m konnen

se moun Ayisyen m ye. Pa gen anpil moun ki kapab di sa. Manman mwe pa te kontan li te

Ayisyen, epi sa rete avek mwen. Le m nan klas Ayisyen epi le nap jwe, m konnen se moun

Ayisyen mwen ye. Se pwofese nou ki fe sa pi fasil paske se yon bon, bon pwofese Ben ye!













Bibliyografi

Dejan, Iv. 2006. Yon Lekol Tt Anba nan Yon Peyi Tt Anba Potoprens: Fokal




University of Florida Home Page
© 2004 - 2010 University of Florida George A. Smathers Libraries.
All rights reserved.

Acceptable Use, Copyright, and Disclaimer Statement
Last updated October 10, 2010 - - mvs